Leta peyim ak tout konniflèt li yo kontinye ap simaye latwoublay sou sòl Jean Jacques Dessalines nan. Jounen jodi an yo arive mete tout moun carrefoufeuille deyò:
Sa yo touye, Yo vyole, Piye kay elatriye...
M se nèg nan Nò, mwen grandi carrefoufeuille.
Sa fèm lapèn, menm lè map viv sitiyasyon sa avèk nou 🤦🏽‍♂️
" Tout masak, tout kidnapping se plis nan mas la 😡.
Sa k di yap panse pou nou, yo enplike nan tout zak louch yo. "
Randevou 20 Septanm 2023 a pati 8è nan maten.
✊🏽

#evadesistemnan

Last updated 2 years ago

Polisye ap manifeste yo di se gang
pèp pran lari yo di se gang
Bandi anvayi blòk ou, kèk polisye ap mete men pou evite plis inosan viktim nan zòn nan malgre yo pa gen anyen serye nan men yo.
Gen yon otorite ki oze di piblikman:
se gang ak gang kap goumen.
Ebyen o final: depi wap viv Ayiti ou se gang?
Nou mande lapè pou kafoufèy ✊🏽
Nou mande lapè sou tout tèritwa nasyonal la 🇭🇹.
Nou paka aksepte kontinye ap viv konsa.


#evadesistemnan #noumandelape #pepayisyenanviviv

Last updated 2 years ago

Jodi a mpran lari a
Mpa kache di nou:
lari a pa gen bon sant ditou non
🤦🏽‍♂️
Peut importe sa w aprann nan, se tankou se teyat wap fè.
Ou ka fè hit ou vle wi zanmim
Men franchman m vin reyalize " depi se Ayisyen w ye, hit ou fè an pap itil ou gwo bagay, sitou si wap viv nan jeng lan ".
🇭🇹 Blag 🤣😭

A Suivre... 🤔

#evadesistemnan

Last updated 2 years ago

Si legliz ap fè afè pa yo vre
M p ap nan lye sa 🕍, m p ap ba w do
Nou youn pa plis ke lòt vre
Menm ti chè an ak yon blòk zo
🤦🏽‍♂️
Ann aprann viv nan lanmou
Ak respè youn pou lòt 🇭🇹
Bon 🌤️ ✋🏼


#evadesistemnan #acaoproduction #alymage

Last updated 3 years ago