kilombavita · @kilombavita
208 followers · 539 posts · Server rage.love

archive.org/details/koule-mov-

Koulè Mov La by Alice Walker; Lunine Pierre-Jérôme

Topics
, , , , , , , ,

“Koulè Mov La se yon travay avangad ki rache baboukèt nan bouch fanm nwa ameriken ki t ap sibi vyolans pandan plizyè jenerasyon, an menm tan tou, li retrase esperyans pèp nwa ameriken an nan peryòd 1920 yo. Alòs lavi t ap fleri ekonomikman pou ameriken blan yo nan ekòp sa a, ameriken nwa yo menm te blije ap bourike tankou esklav sou plantasyon blan osinon devan pòt kay madanm blan. Se pa ti enjistis Ameriken nwa yo te sibi! Yo te sou plizyè fòm: sosyal, ekonomik, seksyèl, politik, ak tandòt. Bourik travay, chwal galonnen! Kidonk, Koulè Mov La se yon travay liberatè pou di: Bay kou bliye, pote mak sonje.

Alice Walker manyen pwofondè anpil kòz ki ta dwe konsène Ayisyen, tankou segregasyon nan Afrikdisid, zam nikleyè, tretman Etazini bay Kiba, san konte tretman nwa te jwenn Etazini. Chen t ap tranpe kasav pou pifò ladan yo. Angajman manmzèl kont kòz sa yo plase l kare bare, san di petèt, nan premye ran ekriven ki merite pou pawòl yo pran zèl nan lòt lang pou yo ka simaye lakonenans sou listwa, sitou kote pèp nwa ye toupatou sou latè beni.”

#HaitianCreole #KreyòlAyisyen #creole #kreyòl #TheColorPurple #woman #literatiKreyòl #Etazini #amerikdinò

Last updated 3 years ago